Tuesday, November 23, 2010

Analysis of Your Haitian Presidential Candidates

Les élections présidentielles en Haïti auront lieu en cinq jours. Qui pensez-vous sont les cinq candidats les plus populaires ? Partagez vos pensées sur leur candidature. Dressez une liste structurée de leurs forces, faiblesses, opportunités et menaces.
• FORCES : Ce que les candidats font bien
• FAIBLESSES : Ce que les candidats font mal
• OPPORTUNITÉS : Les conditions favorables aux candidats
• MENACES : Les conditions défavorables aux candidats


The presidential elections in Haiti will take place in five days. Who do you think are the top five candidates? Share your thoughts on their candidacy. Make a well-structured list of their strengths, weaknesses, opportunities, and threats.
• Strengths: What they do well
• Weaknesses: What they do poorly
• Opportunities: Factors in favor of the candidates
• Threats: Factors not in favor of the candidates


PS: You may leave your comments in English, Français, or Kreyòl.

Monday, November 22, 2010

8 Mesaj Pwoteksyon Kont Kolera

MESAJ PREVANSYON POU LITE KONT KOLERA

Maladi Kolera se yon maladi moun pran nan manje ki mal kwit ak sèvi ak dlo ki pa trete.

Men kèk konsèy Ministè Sante Piblik ak patnè li yo ap bay popilasyon an:

Mesaj #1 Pa manje okenn legim kri
- Byen kwit tout manje nap manje, sitou bèt ki sot nan lanmè oswa nan larivyè tankou pwason, krab, kribich, elatriye
- Lave fwi yo ak dlo trete anvan nou manje yo
- Kouvri tout manje ak sa nou ap bwè pou mouch pa poze sou yo
- Pran prekosyon ak tout sa nap bwè nan lari tankou dlo nan gode, nan bidon oswa nan sachè, ak lòt likid tankou ji, krèm, fresko, tikawòl, elatriye

Mesaj #2 Trete dlo nap sèvi a - Byentretetoutdlonapsèviakpwodwikifètpousa:

- Mete 5 gout jif nan chak galon dlo kite l poze pandan 30 minit anvan ou sèvi avek li
- Sèvi ak Akwatab;
- Bouyi dlo a
- Pa bwè dlo larivyè, ni dlo sous

Mesaj #3 Jere watè ak fatra yo - Pa fè bezwen nou atè, bò sous dlo, nan sachè, nan mamit

- Fè bezwen nou nan latrin aprèsa kouvri bouche latrin yo - Jete poupou timoun yo nan latrin, oswa fouye yon twou byen fon pou mete yo, apresa

bouche twou a - Pa mete men nan vomisman, mete vomisman yo nan latrine pi lave men noua k savon to swit - Pa kite fatra bò kote nap viv pou mouch pa poze sou yo epi al poze sou sa nap sèvi - Sanble fatra yo, epi boule yo lwen kote nou rete

Mesaj #4

Lave men nou ak dlo ak savon pliziè fwa nan jounen an, sitou:

- Lè nou sot fè bezwen nou,
- Anvan nou manje,
- Anvan nou prepare manje,
- Anvan nou touche ak okipe tibebe yo,
- Lè nou sot touche yon moun ki malad,
- Lè nou sot nan lari epi nou rantre lakay nou
- Lè nou fin manyen yon bagay lòt moun te deja manyen: tankou telefòn, lajan, elatriye
- Lè nou sot manyen yon moun ki gen dyare ak vomisman

Mesaj #5 Kouman pou nou lave men nou

- Lave men ak savon anban tiyo, oswa mande yon moun vide dlo a sou men nou
- Byen mouye men nou anvan nou savonnen yo
- Fwote zong, pwent dwèt, pla men nou ak do men yo
- Rense yo byen rense
- Souke yo pou yo seche

Mesaj# 6 Pou moun kap viv ak malad

- Sonje, règ ijyèn yo ap ede nou pwoteje tèt nou kont kolera
- Byen lave men nou chak fwa nou sot ankontak ak moun ki malad la
- Lave ak klwowòks rad, asyèt, kouvè ak tout sa ki sal ak twalèt oswa vomisman moun ki malad la
- Sonje, pa mete men nan bouch nou.

Mesaj #7 Moun ki gen kolera

- Mennen san pèditan tout moun ki gen dyare ak vomisman nan sant sante
- Bwè anpil likid pandan jounen an : dlo trete, sewòm oral, ji ki byen prepare
- Toujou bay tibebe yo tete pandan nap swiv règ ijyèn yo

Mesaj #8 Kouman pou nou prepare sewòm oral

- Vide 3 boutèy kola dlo trete nan yon veso ki lave ak klwowòks
- Vide 1 ti sachè sewòm oral nan dlo a
- Bwase li ak yon kiyè oswa yon louch ki lave ak klwowòks

Si ou pa gen ti sachè sewòm oral la :
- Mete 3 boutèy kola dlo trete nan yon veso ki lave ak klwowòks
- Mete 3 tikiyè sik nan dlo a
- Mete 1 ti kyè sèl
- Mete 1 priz bikabonat
- Pije 1 bò sitron ladan l
- Bwase li ak yon kiyè oswa yon louch ki lave ak klwowòks (clorox) ladan l.

Sonje kouvri veso ki gen dlo sewòm oral la ak kouvèti ki pwòp chak fwa ou fin bwè ladan'l


Ministère de la Santé Publique et de la Population

Direction de Promotion de la Santé et de la Protection de l’Environnement (DPSPE)

Vwa Pa M' sou Facebook

Comments