Wednesday, December 1, 2010

Kèk Leson 28 Novanm 2010 Montre Nou (1)

Dimanch 28 Novam 2010 se te on super gagot nan je anpil moun ki t'ap swiv. Lè nou pa genyen volan peyi-a nan men nou, anpil revandikasyon se pèdi tan.

Fok nou konprann e admet paske etranje yo depanse lajan yo deja, yo pa dispoze pou yo ap depanse nan lib nan nou ankò.

Tout tan nou poko ka depanse lajan pa nou pou eleksyon, y'ap toujou pran gwo desizyon pou nou. Se le nou gen otonomi politik ak ekonomik nou y'ap pran revandikasyon nou an konsiderasyon.

Pep la poko pran leson nan kesyon vote pou moun k'ap di yo pawol ki fe yo plezi. Kilè moun pral fè bon rezonnman avan yo chwazi dirijan?

Le sentiment domine encore sur la raison en Haiti.

Anpil Ayisyen poko ka fè diferans ant ELEKSYON ak KONKOU POPILARITE; (kit se kandida kit se moun k'ap vote).

Se ak edukasyon sivik nou ka konbat sa pou jenerasyon k'ap vini yo ka konn sa ki rele peyi.

Fos fenwa yo ap mennen toujou nan tout kwen peyi-a.

M'ap vini ak plis toujou.

Vwa Pa M' sou Facebook

Comments