Wednesday, June 15, 2011

Ki moun ki sansib vre?

Nou pase anpil ane nan istwa nou, kote dirijan peyi sa-a se desepsyon sou desepsyon yon gwo gwo majorite nan yo pote. Lajenès se espwa chak nasyon sou latè. Podyab! Eske jenes lakay nou gen anpil moun ki ap montre yo bon chimen pou demen?

Objektif ti not sa-a, se pa pou pran pou on kan oubyen yon lòt. Se jus yon ti refleksyon sou on bann koze k'ap pase nan peyi-a. Gen de fwa sa bay chagren loske w'ap eseye reflechi epi poze tet ou kesyon sa-yo:

  1. Ki dirijan ki reyalize ke peyi-a ap mache mal?
  2. Ki moun ki konprann a ki nivo moun ap soufri fizikman, mantalman, sosyalman, ekonomikman, etc...?
  3. Ki moun ki ap regle on bagay konkrè pou fè peyi a chanje?
  4. Ki moun ki wè tèt li selman epi ki di "ZAFE K GADE AYITI"?
  5. Ki moun ki wè pati politik li avan peyi li?
  6. Ki moun ki fè plis men ki pale mwens?
  7. Ki moun ki sansib vre pou Ayiti?

Tout moun di, men tout moun pa fè. San okenn dout, mwen panse ke ou gen plis kesyon toujou ou poze tèt ou chak jou sou jan bagay yo ap dewoule. Ou lib pou ou kenbe yo nan kè ou, ou lib tou pou ou pataje yo ak lot moun.

Mwen si ke ou se youn nan moun ki leve chak jou ki ap tann bon nouvèl sou Ayiti. Se se yon esperans. Li se on bon bagay pou nou gen espwa. Men pa bliye esperans se esperans, defwa fok nou akonpanye li ak aksyon tou.

Peyi nou pa ka avanse si nou pa sansib pou li. Peyi-a pa ka ale okenn kote si se enterè pa m' selman ki konte.

Jenn gason ak jenn fanm, pran egzamp sou moun k'ap regle bagay pozitif. Pran yo kom model ou. Pa lage peyi-a kelkeswa kote w'ap viv. Kelkeswa sa ou ka fè pou ou kontribye, fè li. Egzamp yo anpil, men nou chak ka mete men nan on bagay pozitif, nou chak ka konpote nou byen, nou chak ka pran on desizyon k'ap itil peyi-a.

Tankou J.F. Kennedy te di nan lane 1961: "...pa mande kisa peyi ou ka fè pou ou, mande pito kisa ou ka fè pou peyi ou." Dapre sa mwen konprann, fok nou pa pase tan nou ap tann gouvenman, fok nou pase tan nou nan poze on aksyon pozitif pou peyi nou.

Peyi pa mache san moun. Ou se moun? enbyen fè on bagay pou Ayiti, piti kou l' ye.

No comments:

Post a Comment

Vwa Pa M' sou Facebook

Comments